Yon eksplozyon koz divès kay sot tonbe nan Lagos

0 316

Lagos___(TRiboLAND) Divès rezidans nan Eta Lagos te tonbe gwo bonè maten an anba konfizyon osijè yon gwo eksplozyon. Sepandan kèk sous rapòte bay lapwès ke divès rezidans te sekwe anba eksplozyon an, pandan ke lòt te tonbe nan zònn Abule-Sado.

Se evidan gwo eksplozyon an te fèt nan zònn Abule-Sado nan lokal gouvènman Amuwo Odofin ki nan Lagos. Otorite Sèvis Federal yo poko detèmine koz eksplozyon sa, sepandan yo avize residan pou yo rete lwen sènn aksidan an.

“Envestigatè nou yo an kontak sere avèk Depatman Ponpye ki nan Badagry ak Festac, nap eseye kolekte enfòmasyon sou eksplozyon an nan Eta Lagos, Nijerya,” dapwè responsab Sèvis Federal nan Nijerya.

Leave A Reply