Fòlibète: konvwa fidèl Katolik kite Pòtopwens pou antreprann yon pelirinaj kont laperèz, ensekirite e vyolans

0 602

Fòlibète___(TRiboLAND) Yon konvwa fidèl Katolik kite kapital pi Dayiti a Vandredi kite 13 Mas 2020 pou pran wout pelirinaj nan direksyon Fòlibète. Yon pelerinaj ki batize sou “le v“ pou rele kont laperèz, ensekirite e vyolans.

Sou direksyon responsab Paroisse Universitaire Notre-Dame de L’Immaculée Conception: Reveran Pè Frantzy Petit-Homme, plis pase 300 fidèl, granmoun kon jènn san konte sekirite backup polis kandale desann nan Nòdès peyi a pou twa jou simayaj louanj, levènn, posesyon, priyè, aksyon sosyal, vèy de nwi ak anbyans louanj karismatik pou chante antèman laperèz, ensekirite ak vyolans nan posesyon flanbo douvan jou!

Byen bonè nan Katedral Fòlibète (bati depi 1792, tan kolonyal) maten an, tout moun te deja sou pye militè espirityèl yo pou fè yon jounen ki te boure ak aktivite pa menm jan ak tout jounen. Fidèl yo te gaye pwèske toupatou. Kòmanse nan pote kole nan Sen Michèl, rive nan distribisyon manje pou sa yo ki san libète nan Fòlibète.

Aswè a, gwo louanj tap plengrennen nan Ri Sen Tann toupwe Plas Site Onore; moun tout kalite patisipe nan yon anbyans vèy de nwi remontan, ki pou kase tout vye chènn dezagreman ki anpechè moun konprann vrè reyalite kriz krizokal ki lage nou kòm pèp nan chyen manje chyen. Randevou kase pou rale tounen Dimanch 15 Mas la nan yon Pòtopwens tèt chaje kote ke batri ou ennvètè pelerinaj la se inik fòs ki kapab kraze tèt Laperèz, ensekirite e vyolans ki tèt koupe ak kowonaviris la. Kretyen yo rete kwè, pitit Manman Mari pa janm pèdi batay!

Leave A Reply