Yon estasyon gaz propann eksploze nan Ench

1,341

12-04-2022

Ench, Ayiti___(TRiboLAND) Yon antrepriz nan komin Ench, ki abitye vann gaz ki pote non “Santral Gaz Propann” ki lokalize nan zòn “Rod” toupre wout nasyonal numewo 3, eksploze vè 2 zè, jodi dimanch 4 desanm 2022 a; selon enfo yo, dega yo se men nan machwè!

Selon kèk temwen ki te sou plas, eksplozyon an fè yon viktim, ki se yon anplwaye estasyon gaz propann la. Dife ou deblozaj sòlòkòtò a te eklate nan moman responsab espas la tap eseye fè mannèv pou remete an mach ponp lan ki te apènn fin repare aprè ke li te tonbe an pann, daprè propriyetè antrepriz la ki se M. Ronald Bien-Aimé.

Konsa, enfo yo ta fè konnen ke viktim ki boule seryezman, te kouri transpòte vit vit lopital yon fason pou li te kapab jwen swen ke ka li merite.

Comments are closed.