Yon pwofesè nan Dichiti jwen arestasyon li aprè akizasyon jwèt sisinaj sou yon elèv

1,065

06-14-2023

Diciti, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè yon manda pote vini te lanse dèyè Philippe Decossa nan Dichiti sou akizasyon jwèt sisinaj sou yon fiyèt 15 lane, ajan brigad pwoteksyon ti inosan yo, pwosede ak arestasyon li.

Se yon manda pote vini ke pakè Jeremi an te desène dèyè Decossa, pou zak cholito ke li te komèt sou yon ti lèzanj ki se pròp elèv li nan Lekòl Dichiti nan depatman Grandans peyi a.

Akote sa, genyen egalman divèsyon ak reselè kap fèt tou, anndan Lajistis nan komin Dam Mari a; yon seri chantay ak kòb anba tab kap kase fèy kouvri sa, sou zak sisinaj ke yon doktè ki pote non Peterson Larrieux ta komèt sou yon lòt ti fiyèt 15 lane. Yon zak ki ta sanble komèt anndan lopital Dam Mari a, kote ke doktè a tap travay.

Plizyè enstans ou òganizasyon dwa moun kap ede viktim inosan yo pare kou, rele 2 men nan tèt akoz konplisite ou konpòtman “kase fèy kouvwi sa”, lakay responsab jistis yo nan Jeremi, ki kite yon pakèt dosye vyòl ap kanni nan tiwà kòripsyon.

Comments are closed.