Yon lòt ajan sekirite, yon lòt asasina nan Delma 33

0 421

Pòtopwens__(TRiboLAND) Dimanch 15 Mas 2020, yon ajan polis palmantè krible anba bal enkoni nan Delma 33, zònn nan Sitwon, dapwè yon sous nan polis nasyonal la.

Ajan sekirite sa ki travay pou kò sekirite Palman jwenn lanmò li vè 8:00 pm yè samdi a nan zònn lakay li; kote moun yo pa rive idantifye krible anba bal jènn gason sa ki pote non “Maico”.

Nan moman repòt sa, kadav “Maico” te toujou ap naje nan san, nan Delma 33, zònn nan Sitwon.

Leave A Reply