Senlwi Dinò : Fondasyon TRiboLAND fòme jèn yo sou resiklaj pou pwoteje anviwònman an

389
0
Share:
TRiboLAND

09/02/2026

Senlwi Dinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Fondasyon TRiboLAND òganize yon kokennchenn fòmasyon sou resiklaj ak jesyon dechè nan komin Senlwi Dinò, pli presizeman nan Lekòl Nasyonal Degranj, kay Mangiba. Aktivite sa a dewoule pandan de jou, lendi 31 dawout ak madi 1e septanm 2026, soti 9è nan maten pou rive 2è nan aprèmidi.

Fòmasyon an, ki te fèt gratis nan tout nivo, te vize sitou transmèt konesans pratik sou fason pou moun kapab bay dechè yo yon dezyèm lavi. Patisipan yo te gen opòtinite aprann kèk teknik ki kapab pèmèt yo transfòme materyèl yo konsidere kòm fatra an objè itil, pandan y ap kontribye nan pwoteksyon anviwònman an.

Nan yon peyi kote pwoblèm jesyon fatra reprezante youn nan gwo defi anviwònmantal yo, fòmasyon sa a pote yon mesaj ki klè : dechè pa nesesèman fatra san valè. Avèk bon konesans ak bon teknik, yon pati nan materyèl moun jete chak jou kapab reyitilize oswa transfòme pou sèvi nan lavi chak jou.

Apwòch sa a pèmèt patisipan yo pa sèlman reflechi sou nesesite pou kenbe kominote yo pwòp, men tou dekouvri posiblite ekonomik ki kapab sòti nan resiklaj ak valorizasyon dechè.

Atravè inisyativ sa a, Fondasyon TRiboLAND kontinye mete fòmasyon jèn yo pami priyorite li. Depi plizyè ane, fondasyon an ap òganize fòmasyon gratis nan diferan domèn pou ede jèn yo devlope kapasite yo epi jwenn nouvo opòtinite.

Nan menm lojik sa a, fòmasyon sou resiklaj la nan Senlwi Dinò montre volonte fondasyon an pou pote konesans la pi pre kominote yo, sitou nan zòn kote aksè ak fòmasyon pwofesyonèl souvan rete limite.

Fondasyon TRiboLAND, ki gen Louis Marie Louissaint nan tèt li, kontinye devlope yon vizyon kote fòmasyon kapab sèvi kòm yon zouti pou transfòme lavi jèn yo.

Objektif la pa sèlman pou yon jèn aprann yon metye oswa yon teknik, men pou li vin yon sitwayen itil, kapab kreye yon aktivite, jwenn yon sous revni, epi mete konesans li nan sèvis kominote kote l ap viv la.

Se nan sans sa a fòmasyon sou resiklaj la pran yon dimansyon ki pi laj : li konekte edikasyon, pwoteksyon anviwònman, antreprenarya ak devlopman kominotè.

Pou responsab fondasyon an, misyon TRiboLAND pa dwe limite sèlman ak enfòme popilasyon an atravè medya. TRiboLAND vle sèvi ak enfòmasyon, edikasyon ak fòmasyon kòm zouti pou pote chanjman nan sosyete a.

Se konsa, pandan platfòm medya TRiboLAND la ap kontinye enfòme piblik la sou aktyalite ak divès pwoblèm ki konsène sosyete a, fondasyon an ap mennen aksyon dirèk nan kominote yo atravè fòmasyon ak lòt inisyativ sosyal.

Plizyè dizèn moun ki te patisipe nan fòmasyon sila, pat kache satisfaksyon yo pou yon parèy inisyativ k ap kontribye nan batay kont delenkans.

Share:

Leave a reply