Etazini: Yon gro tonton eksplozyon fè anpil dega nan mitan vil Nashvil

218

12/2520

Nashvil, Etazini_____(TriboLAND) Yon gro eksplozyon manman penba sekwe sant vil Nashvil, nan Tenisi, Etazini byen bone maten vandredi 25 desanm 2020 an.

Li te vè 6:30 lè local, byen bonè nan maten yon machin zatrap eksploze san oken fòm prose e fè yon pakèt dega sou plizyè batiman ki te nan antouraj la. Daprè polis lokal yo, “se yon zak entansyonèl.”

Fòs lòd yo nan moman sa ap Mennen gro envestigasyon oblije bloke divès ri nan sant vil Nashvil selon yon tweet Depatman Polis Nashvil.

Mount e kapab wè plizyè foto depatman sèvis ponpye pataje. Fenèt kraze pasi pala nan zòn eksplozyon an e sa rive jous sou Broadway a.

Jiska prezan otorite yo poko kominike oken potansyèl viktim.

Comments are closed.