Yon gwo eksplwozyon pote ale lavi 2 militè salvadoryen e blese gravman grav 2 lòt

186
0
Share:
TRiboLAND

11/20/2026

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwo eksplwozyon pote ale lavi 2 militè salvadoryen e bleses gravman grav 2 lòt nan kapital la, Pòtopwens, jodi vandredi 20 novanm 2026 la.

Enfòmasyon ki rive nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND.com, ta vle fè kwè ke solda salvadoryen yo arive pèdi lavi yo nan moman yo tap manipile yon sibstans eksplozif nan yon kan ebèjeman nan kapital la, si nou ta vle kwè yon nòt piblik ke responsab Fòs Ame salvadoryèn yo mete deyò.

Nan moman eklatman an, 4 solda arive touche; aloske genyen 2 ki malerezman ki pèdi lavi yo e 2 lòt ki gravman blese pandan ke yo pwokire yo bon swen medikal adekwàt ke ka yo nesesite. Nan menm sikonstans lan, responsab salvadoryen yo pa manke ekspwime tristès yo fas ak yon parèy dram, pandan yo presante yon sensè kondoleyans bay fanmiy, zanmi ou pwòch ke trajedi sila fwape jous nan zo.

Ke nanm sòlda sila yo ki te antre pou delivre peyi Dayiti anba grif gang demon kriminèl, repoze nan lapè etènèl, e ke non yo antre nan listwa peyi Dayiti kòm defansè ki asèpte livre vi yo pou sove pitit tè Jan Jak Desalinn lan.

Share:

Leave a reply