Enplantasyon ou Ouvèti Ofisyèl nan Vil Pòdepè yon Legilz Sou Morne Béthel

0 542

Pòdpè___(TRiboLAND) Samdi maten ki te 29 Fev. 2020 an, se anba gwo lapli, sou Lidèchip ” Assemblées Chrétiennes de L’ Église du Reste de la Postérité du 7e Jour” (ACERP) nan Pòdepè te arive inogire. Kongregasyon sa ki te demake l de Legliz Mission des Adventistes du 7e Jour depi nan lane 1991 te pran swen pou pwepare yon ouvèti grandyoz.


Nan yon seremoni solanèl, anprezans plis pase yon milye fidèl kretyen Adventiste de L’Église du Reste de la Postérité du 7e Jour, Pastè, Kò Dyakona ki te soti nan diferan legliz depatman Nòdwès la, yo tout te pote kole pou bay jarèt a nouvo zèv sa ki enstale nan Pòdepè, zònn Morne Béthel, wout Latandrie,

Enplante yon legliz anndan yon Kominote oubyen nan yon zònn pa yon bagay fasil. Pou sa te kapab rive fèt, selon Pastè Titilè legliz ” SMYRNE” du Reste de la Postérité du 7e Jour (ki tabli l sou Champ d’Aviation, vil Pòdepè), Rev. Pastè Délivois Devercin ki deja enplante divès legliz lokal atravè Kominn Pòdepè a, yo te rive reyalize yon resansman sou Morne Béthel pou yo sa rive dekouvri kantite fidèl kretyen Adventiste Assemblées du Reste de la Postérité du 7e Jour ki egziste nan zònn nan yon fason pou yo sa rive konnen nan ki legliz nan Komin Pòdepè a yo afekte.

Konsa, nan dat 22 Fevwiye pou rive 29 Fevwiye 2020 an, dirijan legliz SMYRNE yo, sou inisyativ Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité du 7e Jour, te mete kanpe sou Morne Béthel yon semènn lapriyè sou Tèm” L’Église et sa Mission Face Aux Obstacles” yon mannyè pou yo te konsakre nouvèl legliz sa a ansanm ak fidèl yo bay Bondye Granmèt la kote pòt Lanfè pap gen pouvwa sou yo, dapwè Rev. Pastè Délivois Dévercin ki tap entèvni.


Rev. Pastè Délivois Dévercin, Legliz Smyrne


Rev. Pastè Gaduel Naissance, youn nan potomitan (Majòjon), ansuit Sekretè Jeneral adjwen Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité du 7e Jour, nan mesaj sikonstans li an, te rive eksplike rezon ki pouse dirijan ACERP yo enplante legliz sa a sou tèt Morne Béthel. Dapwè Pastè Naissance, peyi Dayiti ap fè fas depi digdantan ak tout kalite pwoblèm ki se ensekirite, kòripsyon, kidnapping e latriye. Se yon repiblik tou ki pa janm pase yon jou pou n pa asiste ak yon seri zak vyolans kote grèv, manifestasyon, kawoutchou kap boule toupatou se sèl kòk chante. Enplantasyon yon legliz nan moman sa yo, nan Morne Béthel ap anpeche Pèp Bondye a viktim anba tout kalite malè, menas, danje ki konn abitye fwape peyi sa a.

Sekretè Jeneral adjwen ” ACERP” la, Rev . Pastè Graduel Naissance, rabat pou l di “pafwa kretyen yo konn bezwen al lapriyè nan Legliz yo, pwoblèm nou sot site la yo konn tounen yon veritab obstak devan yo e se pou tout rezon sa yo ,dirijan ACERP yo plede anfavè enplantasyon legliz lokal yo atravè depatman Nòdwès la, notàmman nan peyi Dayiti pou anpche kretyen yo viktim anba tout kalite atak e ki ap bon pou yo menmlè peyi a ta nan lagè.


Li enpòtan pou n raple “Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité du 7e Jour” (ACERP) se yon antite ki soti anndan Legliz Adventiste du 7e Jour depi 29 lane (1991–2020) e kap pwopaje menm Mesaj Levanjil la ki se Retour en Gloire de Notre Seigneur Jésus-Christ. Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité du 7e Jour sa a gen ladan l: Rev. Pastè Jeannot Cétoute (Siveyan Jeneral), Rev. Pastè Gaduel Naissance (Siveyan Jeneral Adjwen), Rev. Pastè Louis Cédilien (Sekretè Asanble) yo ak (Louissaint Anelson), (Ansyen konsakre ak Administratè). Sa Se manm enfliyan sa yo ki konpoze Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité du 7 e Jour kote Syèj Santral li se nan vil Pòdepè , 24, Rue Jean Pierre. Se yon asanble selon enfòmasyon yo ki etann li atravè peyi Dayiti ak nan peyi etranje .

Pa twò lontan, TRIBOLAND pwomèt odyans li yo yon ti bat bouch ak chita pale ansanm ak dirijan ki konpoze ansanble saa e ki gen pou di Pèp Bondye a diferans ki gen ant 2 Enstitisyon sa yo ( Mission Adventistes du 7 e Jour Ak Reste de la Postérité du 7e Jour).

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Leave A Reply