Legliz Advantis du Reste de La Postérité du 7e Jour pral tanmen nan 2 senmenn konferans nan Pòdpè

334

Pòdpè____(TRiboLAND) Aprè yon senmenn lapriyè nan dat 12 jwiyè 2020 pou rive jounen samdi 18 iwiyè 2020 sa a, Legliz Advantis du Reste de la Postérité du 7e Jour pral demare ak yon seri konferans e deba pou pèmèt kretyen sa yo ki sot pase plis pase 3 mwa byen lwen Granmèt la peryòd pandemi a, retounen vin swiv vrè chimen yo ki se Jezi chèf Nazarèt.

Pastè Delivoix Dieuvercin

Seri konferans sa yo ke dirijan ACERP yo (Assemblées Chrétiennes de L’Église du Reste de la Postérité) pral mete soupye a, ap demare demen Dimanch 19 jwiyè 2020 pou fini 2 out 2020. Se yon Konferans k’ap releye sou radyo La Voix du Reste de la Postérité ( 4VRP, 101. 7 FM), nan Pòdpè, k’ap gen pou tèm : “Dieu veut que tous les hommes soient sauvés (Bondye vle tout moun san manke yon yota gen lavi ki p ap janm fini an), daprè 1Timote 2 : 4 “.

Selon Pastè Delivoix Dieuvercin k’ap dirije nan menm sektè sa a Legliz Smyrne ki twouve l sou Chan Avyasyon Pòdepè a deklare seri konferans sa yo ap Fèt nan 2 Legliz Reste de la Postérité yo nan vil Pòdepè ki se Legliz Smyrne ki sou Chan Avyasyon vil Pòdpè ak Legliz Philadelphie ki twouve l nan Ri Jean Pierre #14.

2 Senmenn konferans sa yo, se pou rekonsolide lafwa fidèl yo nan pawòl Bondye a answit se pou rive sove sila yo k’ap peri deyò a san Dye san espwa, selon lòm de Dye a, Pastè Delivoix Dieuvercin.

Pastè a fini pou l di : Konferansye 2 senmenn konferans sa yo: se Pastè Louis Cedlien ki responsab sektè Legliz Reste de la Postérité a nan peyi Etazini pou Legliz Smyrne, Chan Avyasyon Pòdpè ak Pastè Gadyel Naissance, pou Legliz Philadelphie, ki twouve l nan Ri Jean Pierre.

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
3600 1195
4204 2561

Comments are closed.