Latèrè sou wout Obòy: ensekirite ap menase lavi ak avni depatman Nòdwès la

205
0
Share:
TRiboLAND

12/17/2025

Nòdwès, Ayiti _____(TRiboLAND) Depi plizyè jou, nèg ak zam ap simen latèrè sou wout Obòy la, yon sitiyasyon ki kòmanse mete gwo kè sote ak dezolasyon nan mitan popilasyon an nan depatman Nòdwès peyi a. Zak vyolans sa yo vini nan yon kontèks kote ensekirite a pa sispann vale teren nan tout kwen rejyonal yo.

Pandan tan sa, gwoup bandi k ap opere nan Ti Bwadòm deja pran direksyon wout nasyonal nimewo 5 la. Pou anpil sitwayen, sa reprezante yon menas dirèk kont inik twonson wout ki pèmèt moun Nòdwès yo kontinye fè aktivite ekonomik ak sosyal yo.

Wout Obòy, ki mennen Kap Ayisyen epi ki konekte Nòdwès la ak lòt depatman, se yon aks estratejik pou rejyon an. Si wout sa a ta tonbe nèt anba kontwòl bandi, se tout depatman an ki ta vin izole oubyen asyeje. Ansyen pratik kote Lapolis Nò ak Nòdwès te konn mete fòs yo ansanm pou sekirize zòn nan sanble disparèt jounen jodi a. Depi kèk tan, pa gen okenn entèvansyon klè ni vizib bò kote fòs lòd yo, sa ki bay enpresyon ke jwèt lib pou gang yo.

Fas ak sitiyasyon sa a, plizyè sitwayen pa sispann poze kesyon sou responsablite otorite ki nan tèt Lapolis yo nan depatman sa yo. Anpil moun ap mande si se pa yon fòm livrezon popilasyon an bay bandi, tankou mouton y ap mennen labatwa, lè pa gen okenn mezi konkrè pou reprann kontwòl wout la ak zòn Obòy la.

Pandan latèrè ap ogmante chak jou, popilasyon an ap tann repons ak aksyon rapid nan men otorite yo pou evite Nòdwès la plonje nan yon izolasyon total kapital. Gen anpil moun ki te gentan lonje dwèt sou swadizan nouvo direktè depatmantal polis Nòdwès la, ke yo kalifye kòm moun ki renmen bwase avèk gang ou yon espesyalis nan livre tèritwa bay Gang, tankou li te fè li nan Kwadèboukè. Nòdwès deja pran nan twa wà pèdam.

Share:

Leave a reply