Responsab yo nan òganizasyon UN3, òganize yon seremoni pou inogire yon twonson wout nan 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav.

825

08-13-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Dirijan òganizasyon Nò, seksyon kominal Twouchouchou Tigwav (UN3), òganize yon seremoni pou inogire yon twonson wout, vandredi apwèmidi 11 dawou 2023 a.

Yon seremoni ki te dewoule an prezans komisyon kominal la, pitit Trouchouchou, dyaspora yo, notab yo, chofè taksi, peyizan yo, jij depè sipleyan katye Vyalè Tigwav la, Délicio Vernevil, notè vil la, Louis Frantz Baptista, enperè Malabar Tousendo Creuvecoeur, Jean Mary Forest poun site sa yo sèlman…

Nan okazyon seremoni an, te genyen kèk nan manm komisyon an, ki te pran lapawòl. Nan diskou yo nan sikonstans lan, remèsye tout moun, tout sektè ki te mete men ansanm espesyalman, dyaspora yo pou rann twonson wout sila a posib.

Komisyon an ki deklare twonson wout sa a, pral amelyore soufwans popilasyonan an, kote pwodwi yo pral sispann gaspiye epi aksidan pye kase, ponyèt kase pral sispann fèt sou wout la, pandan yo konseye chofè taksi yo pou fè anpil pridans sou yon parèy wout.

Enjenye Desgranges Fritznel, sou bò pa li ki tap prezante fich teknik pwojè wout la, fè konnen, soti Ravin Pak pase Mòn Jalouzi rive nan abitasyon Bajon, yo kouvri an bann beton 1701 mèt lineyè de longè, 6 mèt lajè,15 sentimèt epesè. Reyalizasyon pwojè a, koute yon total de 10 milyon 950 mil goud selon presizyon enjenye Desgranges Fritznel.

Nap siyale, avan yo demare seremoni an, komisyon an te reklame kelke minit silans nan memwa defen Kòdonatè kazèk Labady Julbert ki, li menm te komanse pwojè wout sila a ak 520 mil goud ministè enteryè te mete a dispozisyon komisyon an.

Comments are closed.