Mouvman Nasyonal Transparans-Toutouni salye piblikasyon nan jounal “Le Moniteur” Gran Konsèy Tranzisyon an (HTC)

494

01-19-2022

Okap, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon kominike pou laprès li pibliye jounen jedi 19 janvye 2023 a. “Mouvman Nasyonal pou Transparans-Toutouni ” (MNT), kise manm “Gwoupman ESTRIKTI POLITIK KI PA ALIYEN yo”, salye piblikasyon nan jounal ofisyèl peyi Dayiti “Le Moniteur”, non reprezantan sektè politik, ekonomik, sosyal yo nan Gran Konsèy Tranzisyon an (HTC).

Nan kominike sila a, Mouvman Nasyonal Transparans-Toutouni, di arète ki gen rapò ak ” Gran Konsèy Tranzisyon an” (HTC) se yon etap nan bòn direksyon, sitou si li fè pati aplikasyon “KONSANSIS NASYONAL POU YON TRANZIZYON AK ELEKSYON TRANSPARANT”.

MNT di yap tann ak enpasyans pou lòt demach ki prevwa nan dokiman “Konsansis Nasyonal la”, ak kondisyon pou yon pi bon gouvènans rive nan direksyon enterè pi wo Nasyon an.

Pandan y ap envite tout siyatè “Konsansis Nasyonal” kiltive sajès, “Mouvman Nasyonal pou Transparans-Toutouni” mande pou yo simonte ego yo youn lòt pou ane 2023 a, konsakre siksè tranzisyon politik la gras ak òganizasyon konpetisyon elektoral yo ki kapab garanti yon evantyèl retou lòd konstitisyonèl la, 7 fevriye 2024 prochen.

Kominike pou laprès sila pote siyati : Jorchemy Jean-Baptiste & Pascal Adrien

Comments are closed.