Yon nòt FBI avèti fòs lòd yo de yon posiblite protestasyon ame atravè 50 kapital Etazini

252

FBI egalman fè eta de group ame ki menase antre nan Wachennton pou fè dezòd si Kongrè ta retire Trump sou pouvwa a.

01/12/21

Wachennton______(TRiboLAND) FBI voye yon nòt bay tout ajans fòs lòd atravè tout peyi Etazini yon penga de yon krèy protestasyon ame ki kapab fèt atravè tout kapital nan 50 eta nan peyi a apati samdi kap vini la; konfime egalman posiblite pou yon group ame mache yon lòt fwa ankò sou Wachennton D.C., si tout fwa Kongrès a ta retire Donald Trump sou pouvwa a, daprè yon gro chabwak ofisyèl fòs lòd yo.

Daprè NBCNEWS, nan repòt FBI la, ou jwen enfòmasyon ki soti bò kote Biwo Alkòl, Tabak, Zàm ak Eksploziv; Administrasyon Lwa sou Dwòg; Department Depatman Defans ; Pak Polis Etazini; Sèvis Marshall Etazini pou nou site say o sèlman, daprè ofisyèl yo. Anpil nan enfòmasyon sa yo gen sous yo sou rezo sosyàl yo ak lòt sous.

Gro chabwak ofisiyèl fòs lòd yo konfime ke kriz Sant Kowòdinasyon nasyonal FBI la relache dènye enfòmasyon sa yo kòm menas ke li resevwa aprè atak mòtèl bandi kont Kapitòl Etazini a semen pase.

Pandan ke repòt la diskite sou kèk posiblite menas bò kote yon seri aktè anliyn apati samdi pou rive jiska 20 janvye, jou inogirasyon nouvo Prezidan elu a, Joe Biden, li pa vle di ke fòs lòd yo espere wè vyolans masiv ak protestasyon nan chak eta.

Tankou, yon pòtpawòl FBI nan Boston di, “Pou moman sa, Divizyon FBI nan Boston pa genyen oken enfòmasyon entelijans ki ta endike konplo, protestasyon ame nan 4 kapital tankou (ME, MA, NH, e RI) kap manniganse pou 17 jiska 20 janvye 2021 an.

Comments are closed.