Bandi sangwen kontinye ap fwape, alòske mouvman “Bwa Kale” a ap pèdi plim

898

06-28-2023

Kwadèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi sangwen kontinye ap mete mileyaj nan ensekirite a, patikilyèman atravè plizyè komin nan depatman Lwès la. Bandi gro koure, ki tap sikile sou machinn, touye yè madi 27 jen 2023 a, apeprè 6 moun nan Lilavwa 4, lokalite Bonrepo, komin Kwadèboukè.

Selon temwen, yon demi douzèn sitwayen pèzib mouri, alòske plizyè lòt blese grav, te oblije bwit sou kou transpòte lopital.

Atouka, chak fwa volim “bwa kale” a desann, ensekirite ap repran jarèt!

Comments are closed.