Yon lòt pwemye minis pou yon lòt teyat

0 445

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yè ki te Madi 2 Mas 2020, Pwezidan Jovenel Moise sou kont twitter li deklare ke li chawzi sitwayen Joute Joseph kòm pwemye minis. Konsa, nan yon ti bout tan, Mesye Joseph gen pou misyon pou mete sou pye yon gouvènman konsansis ki pral reponn ak tout egzijans kap bwase bil peyi a.

Mesye Moise raple ke te genyen inityativ dyalòg ke li te antame avèk plizyè sèktè nan vi nasyonal la. Konsa, tout sa te kanpe pwosesis nominasyon yon pwemye minis ki te dwe fòme kabinè li.

Yon parèy chwa pa enpwesyone majorite moun nan peyi a, dapwè kèk mikwo trotwa. Dayè, anpil moun pa bay kredi ak yon chwa Jovenel. Yo estime kèlkeswa sa ki soti bò kote pwezidan an toujou fè echèk oubyen rete nan wout. Tout sa se demagoji e se van kap vante!

Chwazi yon moun ki te deja ap voye flè nan yon gouvènman ki san plan, san reflex, san substans, san vizyon, e ki pa sispan demantle enstitisyon leta yo san konte enkapasite li pou jere krim tout kalite ak yon anemi gouvènabilite kap manje ribi, se pote dlo nan panye banbou!

Yon lòt pwemye minis, yon lòt teyat, yon lòt tololo, yon lòt souflèt moral pou pèp ayisyen, yon lòt jwèt desen anime ak yon lòt epizòd ki montre nesesite edikasyon nan peyi a.

Leave A Reply