Luis Almagro rekonfime sipò OEA pou ede Ayiti konbat kòripsyon

0 429

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan yon visit pap padap, diplomat òganizasyon Eta Ameriken (OEA), Luis Almagro ki te jwenn envitasyon pwezidan Jovenel Moise te fè chita tande ak lokatè Palè Nasyonal la, tankou jan sa te pwevwa nan kominike Ministè Afè Lòt bò Dlo peyi Dayiti a.

Nan yon pwen depwès li bay nan pale nasyon an, Jovenel Moise konfime ke li te abòde yon latriye pwen ak diplomat la kap bwase bil peyi Dayiti. Konsa, pami divès pwen sa yo ou jwenn: konsekans kriz peyi Dayiti a ki pa sispann sakaje sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a; pwoblèm imanitè, lut kont kòripsyon, ak detèminasyon pouvwa PHTK a pou rapouswiv jefò yo yon manyè pou arive yon jwenn yon fòmil pou yon solusyon enklusif e definitive nan kriz kap sekwe bil peyi a depi dig dantan.

Leave A Reply