Asasinay Jovenel Moise : Bòs Gabo pale byen fò nan Okay!

762

07/10/2021

Okay_____(TRiboLAND) Nan yon pwès konferans ke li bay sou asasinay pwezidan defakto Jovenel Moise la, ansyen majistra komin Okay la, Gabriel Fortuné deklare si te genyen jistis pou yon seri moun ke yo te asasine deja, Réginald Boulos, Dimitri Vorbes ak Antonio Cheramy alyas “Don Kato” pa ka pèmèt yo fè menas lanmò sou Jovenel Moise.

Swit ak yon parèy konferans, ki pat deside lage non koulèv 7 tèt (fanmiy boujwà) Jovenel Moise te deklare ki piye, akapare tout enstitisyon e efondre leta peyi Dayiti, Gabriel Fortuné responsabilize ansyen chèf deta a tou deske li te konnen moun ki livre’l la te nan trafik zàm, e se menm zàm sa yo ki touye pwezidan an.

“Se pa pèp ayisyen an ki te deside ale nan palè nasyonal la pou egzekite Jovenel Moise,

se parenn pwezidan an, nan tèt kole ak flibustye ou pitit Rochambeau yo ki arive touye li”, toujou dapwè Gabriel.

Bòs Gabo rete kwè, Jovenel Moise nan kontradiksyon li arive fè tout moun wè klè jounen jodia! Yon parèy krim krapule, se konsekans enpinite ak kriminalite ke Jovenel Moise te lache bay. Anplis, si pwezidan an te genyen kouraj pou te amòse pwosè Petwo Karibe a, parenn li pa tap kapab arive livre’l.

Ansyen majistra a, rabat pou li di: “Yon moun pa bezwen pase nan 4 chemen pou idantifye otè entèlèktyèl krim nan”.

Se moman pou nou definivman idantifye antite ki arive mete peyi a nan sa li ye la; konsa, nap responsabilize yo pou sa yo fè a e pwomote rekonsilyasyon nasyonal pou yon nouvèl Ayiti purifye, onèt e ekitab.

Nap raple, pi gwo pwoblèm fondamantal ke Jovenel Moise te genyen ak yon seri antite nan swa dizan “elit ekonomik” lan, se ensansibilite ou konsyans ke yo pa genyen nan kòche bèf la. Tout sa ou te ka imajine nan bèf la, yo akapare l. Kòmanse sou tèt bèf la rive sou zago li. Anplis, chak pwodwi ki egziste sou mache a rele youn nan yo chèmèt chèmètrès. E si yon moun ta genyen malè pou antre ak yon parèy pwodwi sou tèritwà nasyonal la, yap ranje ak koupyon nan leta kòwonpi a oubyen ranje ak gwoup gang pou detwi sa ou pote kòm ti demele a (savon, dri, batri, machin, gaz tout kalite). Pèsòn sitwayen pa kapab pran jans al ouvwi oken biznis paralèl anndan peyi; yap elimine w ou fè kidnape w!

Avèk sistèm elit ekonomik sangwen sa ki genyen yon ADN Bashar Al-Assad nan fason li efondre peyi Dayiti, wap sezi wè ke, yon ti boutèy alkòl kap vann nan peyi etazini yon dola ameriken, boujwa eskanmòtè a chwazi vann li 10 dola; nou pa menm bezwen pale pou gaz, kouran, delko, diri, siman, fè konstriksyon, yon bagay ke peyi a te konn pwodwi.

Ak lajan yo, yo finanse oubyen fè konfyolo ak yon seri antite iresponsab kap dirije yon seri enstitisyon nan leta a yon fason pou yo kapab sabote bwàt sa yo e ran yo enfonksyonèl. Konsa, yo mete leta a ajenou, jiskaske yo fè vye manèv pou achte enstitisyon yo nan men menm leta a.

Kidonk, yo pran espas yo pou yon “senkòb chada” nan magouy! Pi devan, yo deside vann leta nan “pwi tèt nèg” menm sèvis ke li pat kapab delivwe a. Angwo, yo pran yon seri enstitisyon etatik, kòwonpi yo e jiskaske yo pa pakab pwodwi ankò yon fason pou yo kapab achte yo e fè yo tounen byen pwive oubyen kraze yo plat. (egzanp: kote, minoterie, kote ciment d’haiti, Teleco, Hasco, Acierie national…) Se yon veritab kansè ou kò mafya ke Jovenel Moise tap denonse!

Gabriel Fortuné ajoute, pèp souvren genyen tout dwà yo pou yo repwoche tout sa ke yo estime mal ke Jovenel Moise fè peyi a, men yon sèl bagay pou yo pa janm bliye ke li se inik pwezidan ki te arive chwazi riske vi li pou afwonte ou denonse rezo mafya ekonomik siro-libanè a ki efondre peyi a.

Comments are closed.