Divès gwoup òganizasyon kap defan’n PM Garry Conille, mande li pou retire yon seri move grenn ki nan antouraj li.

07 – 30 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Plizyè òganizasyon debaz, sosyo politik kap sipòte Garry Conille nan Tigwav, mete tèt ansanm nan yon konferans pou lapwès sou Plas Dam Tigwav la jounen madi 30 jiyè 2024 la. Objek konferans lan, selon responsab òganizasyon yo, se pou mande PM Garry Conille pou pase yon mòp pou retire move zangi ki antoure’l yo.
Gwoup òganizasyon sa yo kap kap kore Conille, fè konnen move grenn sa yo ki nan antouraj li, dwe jete nan yon kwen yon fason pou bay peyi yon chans. Azipopo yo se sa yo fè pou viv; politik sangwen e lage po fig anba pye tout gouvènman yon fason pou yo kapab rale dra kòripsyon an sou bò pa yo.
Militan yo mande Dr. Conille egalman pou egzije demisyon 3 manm konsèy prezidansyèl la ki ta enplike nan eskandal kòripsyon BNC a. Pandan yo fè konnen mesye kòwonpi sa yo pap kapab òganize eleksyon onèt, kredib transparan ak demokratik andan peyi a.
Yon lòt kote, militan pwo PM Garry Conille yo egzije li rezoud pwoblèm ensekirite a yo di kap ravaje pèp ayisyen an depi plizyè lane. Toutfwa, yo mande PM lan pou’ l voye fòs miltinasyonal kenyan yo ale lakay yo, dapwè yo, fòs la ki se yon group polis krizokal pap regle anyen serye pou popilasyon ayisyèn nan. Yo kwè se lajan yap kraze, se show biznis ke yo vinn fè anndan peyi Dayiti.






