Sen Lwi Dinò : Patizan, senpatizan ak zanmi kontinye reklame jistis pou ansyen pwezidan Jovenel Moïse

967

10/8/2021

Sen Lwi Dinò______( TRiboLAND) Ak pannkat nan men, patizan,senpatizan mete ansanm ak zanmi makrèl ansyen pweezidan Jovenel Moïse, òganize yon mach pasifik nan vil Sen Lwi Dinò, jounen madi 10 out 2021 an, nan objektif pou kontinye reklame jistis pou ansyen pwezidan chèf deta a ki te mouri asasinen lakay li, Pèleren 5, nan lannwit 6 – 7 jiyè 2021 an.
Pwotestatè yo ki t ap pakouri plizyè ri nan komin Sen Lwi Dinò deklare “se enpinite a ki lakòz asasen Jovenel Moïse yo toujou ap flannen nan figi popilasyon an san oken pwoblèm”.

Konsènan nominasyon jij Mathieu Chanlatte pou enstui dosye sou asasinay ansyen pwezidan Jovenel Moïse la, patizan li yo mande pou jij Chanlatte rann pèp ayisyen an bonjan sèvis nan kad enstriksyon l ap mennen sou dosye sila a paske selon pwotestatè yo, asasen Jovenel Moïse yo la e y ap flannen toupatou atravè peyi a san braslè kriminèl pa nan ponyèt yo.

Pwotestatè sa yo fini pou di otorite yo nan peyi isit ” Majorite silansyeèz la p ap dòmi”!
Savledi nenpòt lè yo kapab pase alaksyon. Yon dosye lektè TRiboLAND yo ap suiv ak anpil enterè!

Comments are closed.