Funeray Jovenel Moise : Gwo tansyon ap boujonnen douvan antre Vilaj S.O.S. nan Madlin

815

07/23/2021

Kap-ayisyen, Madlin_____(TRiboLAND) Otorite yo mete an bandoulyè yon kòdwon sekirite pou anpeche plizyè diz`en senpatizan pwezidan Jovenel Moise fòse barye Vilaj S.O.S. la, espas rezève pou seremoni funeray nasyonal defen an.

Antouka, moun mase devan Vilaj la ap bay fòs lòd yo anpil pwesyon e menm lanse pwopo endesan kont plizyè kò inite PNH la ki kanpe an pozisyon 2 oka ou sa ta dejenere.

Akote you foul moun ki mase e ki pa kapab travèse lizyè; genyen yon seri militan ki anndan lizyè ki pat mete dlo nan bouch yo pou revandike jistis pou Jovenel e lanse ou pwofere yon seri menas kont boujwà yo anndan peyi a; espesyàlman nèg Pòtopwens ki deja asasine 5 pwezidan ki orijinè depatman Nò peyi a. Militan sa yo di “Jovenel ou mèt ale, nou detèmine pou nou pouswiv rèv ou e konsa wap jwenn jistis”.

Bò kote pa li, nan moman orezon funèb la, vèv Martine Moise deklare : “Yo konplote kont ou. Yo abandone’w e yo trayi w. Asasen yo la, yap gade e yap koute nan antèman an. Nou pwàl gade yo nan je fiks e di yo : sa se twòp atò”! Tandiske, Joverlain Moise ki se pitit gason dèfen an deklare : “Papa m te yon moun ki chaje ak lanmou, men ki te antoure ak mechan; yon moun onèt ki tap viv nan mitan trèt; e yon ewo”!

Paralèlman, genyen deja yon van pwotestasyon ki deja ap boujonnen atravè vil Okap yon fason pou reklame jistis pou Jovenel Moise ki asasine lakay li 7 jwiyè 2021 an nan Pèleren 5, Pòtopwens. Pèp souvren afiche yon konpòtman kolerik arive mete dife nan magazen Valerio Kanez nan zòn Madlin nan Okap-ayisyen.

Kritik yo pa piti! Yo sible yon seri moun ke yo estime kap radote nan seremoni funèb la, alòske lè Jovenel te bezwen asistans yo nan moman asasinay li, tout konplotè ipokrit yo te al kache, trayi l e abandone l.

Comments are closed.