Dega dlo desann yo kontinye ap miltipliye nan zòn Pon Dimez

826

74.000.000 G debloke pou repare pon Dimez, ki relye depatman Latibonit ak Nòdwès depi nan mwa fevriye, SD antrepriz pa janm fè anyen alòske popilasyon an kontinye ap viktim nan Twarivyè.

06-03-2023

Gwomòn, Ayiti___(TRiboLAND) Twarivyè nan zòn Pon Dimez, ki relye depatman Latibonit ak Nòdwès pa sispann fè gwo dega. Bwote machin, motosiklèt, zannimo ak kretyen vivan alòske gwo zotobre ki responsab fim SD antrepriz, pou reyalize travay reparasyon Pon Dimez la ap kale kò yo.

Plis pase 74.000.000 goud, ap flannen nan men yo depi nan mwa fevriye, jiskaprezan temwanyaj yo fè konnen, menm pasaj yo pako ka bay sou pon an pou machin pase.

Nan mache fouye zo nan kalalou, sal redaksyon nouvèl TRiboLAND al debouche sou enfòmasyon ki fè konnen, fim ki pote non, SD antrepriz la, pa menm gen materyèl pou egzekisyon travay la.

Sòti nan mwa fevriye pou rive nan kòmansman mwa jwen an, sèlman yon pèl esklavatris ak yon traktè chèn ki te sou plas jiska prezan pako menm gen yon kamyon baskil pou egzekisyon travay yo, alòske popilasyon an kontinye ap viktim nan Twarivyè chak jou pi plis.

Comments are closed.