Malfwa nan vil Pòdpè manke pase alenfinitif yon chofè Radio Marconi FM

0 687

Pòdpè___(TRiboLAND) Chofè Radio Marconi FM, Odney Olibrice manke pèdi vi li anba atak yon gwoup bandi malfwa ki gen alatèt li Kenènè tap fè resèt nan Ri Charlemagne Peralte nan vil Pòdpè ozanviwon 5:00 p.m. jodi ki 7 Janvye 2020 an.

Nan yon entèvansyon pwese pwese ke li fè sou ond Radio Marconi FM, Ychmuth Corneille alyas “Rambo” ki se Animatè youn nan emisyon ke moun Nòdwès ak rès monn lan pa negosye “Nòdwès ann pale” te oblije ap mande konkou lapolis kont malfwa nan Ri Charlemagne Peralte ki bimen avèk raj Odney Olobrice, chofè Radio Marconi FM nan.

Odney ki te sou motosiklèt radio a, te tonbe anba atak nèg ki fè tèt yo pase pou lidè katye kap pwofite fè resèt e achte Ri Charlemagne Peralte lajan kontan. Odney ki pat genyen di dola pou peye lèse pase a, te agrese anba men chime ki pat ezite bastone l, kout pwen ak kout pèl a yon pwen li te oblije kouri pwan refij nan Kwafè “Afè Pam” ki nan ri Charlemagne Peralte. Dapwè direktè Rambo, bandi yo pat rete la sèlman, yo te arive penetre nan espas kwafè e koze gwo dega materyèl.

Konsa, yo pat jwenn twòp rezistans bò kote moun ki te nan kwafè a; yok raze yon bon valè materyèl, alòske Odney te chape byen e bèl! Ensidan sa ki te nesesite entèvansyon Mèt Ronel Gelin ak divès moun ki tap kouri pote ranfò pou bay bandi yo mounen pyès yo, koz agresè yo pran lyann e mete van nan wèl yo.

Konsa, lapolis pat pran tan pou pote kole ansanm avèk Jij Hervé Dennis ki te deja desène plizyè manda dare kont malfwa yo ke yo pa arive apreyande. Odney, ki koulya kap pran swen medikal nan yon sant sante nan vil la, temwanye nan yon kout deklarasyon ke li pran anpil kou e mesye yo menm arive krabinen motosiklèt la ki se byen pwive Marconi FM.

Leave A Reply