Asosyasyon Majistra yo deside mete alonj nan fen manda yo

0 435

Pòtopwens___(TRiboLAND) Divès Màjistra ki soti nan 144 diferan kominn peyi a te reyini Vandredi 27 Desanm 2019 la nan objektiv pou te fè sòti yon rezolusyon ki pote non “Akò Montana” ki pral fasilite yo jwenn yon alonj nan fen manda yo jiska Jwiyè 2020. 

Nan entèvansyon ke li te fè nan moman an, pwezidan Asosyasyon Mèri yo nan Nò, Rebecca Decelmon te pran swen pou l di ke kapab genyen dezòd sosyal si tout fwa se ajan enterimè yo ki pral ranplase majistra elu yo. “Nou pap pèdi yon minut nan dure manda nou,” dapwè sa majistra a fè konnen.

Bò kote pa li, Jude Edouard Pierre ki se pwezidan Federasyon Mèri yo nan peyi Dayiti pwomèt pou li transfere vit e pwese Lendi 30 Desanm nan rezolusyon sinye sa bay pwezidan repiblik la, Jovenel Moise.

Konsa, majistra yo ki fè yon fwon komen, deklare ke yo pap fè yon pa kita yon pa nago; yo fikse fen manda yo ki ta pral bout nan dezyèm Lendi mwa Janvye 2020 an.

Leave A Reply