Basenble: Distribisyon plizyè milye kit alimantè nan okazyon fèt fen dane a

354

12/31/20

Basen_____(TRiboLAND) Nan objektif pou pèmèt malere ak malerèz nan komin Basenble bat bouch pou fèt fen dane a, Majistra komin nan, Msye Antony Manigat, distribye bay say o ki pi vilnerab nan popilasyon an, plis pase yon milye kit alimantè ki gen ladan’l (diri ,pwa, lwil, sik) jounen jedi 31 desanm 2020 an.

Prezidan ajan egzekitif enterimè komin sa a, Msye Manigat felisite tèt li pou yon tèl distiribisyon, li deklare gen yon pati ki soti nan pòch li ansuit premyè dàm repiblik la, Madàm Martin Moïse konplete rès la.
Antony Manigat kontinye pou l di, nan okazyon an, chak benefisyè jwenn yon anvlòp ki gen ladan’l 30 dola a 50 dola pou pèmèt yo peye frè transpò sitou sila yo ki soti nan zòn rekile yo.

Benefisyè sa yo ki te soti byen lwen pou vin chèche lamanjay sa a, pa’t kache satisfaksyon yo e yo voye yon kout chapo ni pou premyè dàm nan ni pou egzekitif enterimè a. Selon yo menm, se gras ak 2 pèsonalite sa yo ak Bondye nan syèl la ki fè y ap kapab souri pou fèt la.

Majistra Antony Manigat fini pou anonse aprè fèt fen dane yo, distribisyon yo ap kontinye pou pirèd nan komin Basenble. Yo konte genyen yon gen lòt kamyon pwodui alimantè ki gen pou rantre nan komin nan; sa pral pèmèt majorite moun ki pi vilnerab yo jwenn plis ti kichòy.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.