Pawas Sent Inosan selebwe 93 lane egzistans nan Pòdpè

0 1,325

Pòdpè___(TRiboLAND)  Yon legliz foul ak fidèl ak yon latriye kominote relijyez ki sòti tout kote; yon melanj anbyans spirityèl ki tradwi detèminasyon kongregasyon epikospal la pou ale jiskobou avèk Gran Komisyon Gran Mèt; an gwo me sa ki dekri jounen Samdi 28 Desanm 2019 la, selebwasyon 93 lane egzistans Legliz Sent Inosan nan vil Pòdpè.

Vil Pòdpè te genyen pwemye legliz episkopal li ki te bati avèk Pè Najax nan lane 1926; sepandan anpil achiv ta vle fè kwè ke Pawas Sent Inosan gen plis lane ke sa. Pawas la nan epòk la, te genyen anba lobedjans li 6 legliz pou lap bay jarèt. Gras konkou Pè Letènèl ak konplisite gwo Toryan Legliz Episkopal nan dyosèz Dayiti yo, li te arive divize an twa pawas: a) Pawas Les Saints Innocents ki gen sou kont li Legliz transfigirasyon nan Chansolm ak Stasyon Ste Croix ki nan La Croix St Joseph, Anba Fò; b) Pawas Saint Aidan Latortue, kap dirije avèk Reveran Pè Jean Jonas Laborde; c) Pawas St Jacques, Mònn Rosette, kap dirije avèk Reveran Pè Fanfan Luckner.

Nan okazyon gwo selebwasyon anyèl sa, divès lòt kongregasyon episkopal te pote kole. Responsab yo tap mache apye sou fòm posesyon avan ke yo achemine yo anndan legliz la. Reveran Pè Max Acime ki se kire Pawas Sent Toma nan Akayè te asure direksyon selebwasyon mès sikonstans lan, alòske Reveran Pè Noé Bernier kap dirije Pawas Sent Andre nan Hinch te asure pwedikasyon an. Li pat sispann mete aksan sou nesesite pou fidèl yo kontinye pran chemen lanmou an ki se youn nan mwayen ki kapab fasilite yo reyalize gwo bagay pou kontinyite travay Gran Mèt la.

Pawas Sent Inosan dote tèt li yon kolèj ki pa sispann make pwen e menm atire anpil paran ki kwè nan plan stratejik ki dekoule sou bon jan kalite apwantisaj la. Avèk yon staff ki devwe e yon leadership enpekab,

espas apwantisaj la ki pran yon efektif swa 1200 elèv, arive enpoze yo pami mèyè enstitisyon nan vil Pòdpè ki delivre yon 100% reyisit nan 9 AF ak sou 4 pwomosyon filo yo bay 100% reyisit an 2 fwa.

Pwojè Sent Inosan yo pa sispann miltipliye. Youn nan pwojè resan yo se yon radyo stasyon (Radyo Redanmsyon) ki enpoze-l sou kadran FM nan, nan kad pwomosyon pwopagasyon Levanjil Kris la, Edikasyon, Formation ak Distraksyon. Dapwè responsab Pawas la ki se Reveran Pè Wilky Avril, kongregasyon an genyen aktyèlman yon pwojè kap vale teren seryezman: se kontriksyon yon pi gwo legliz byen klimatize ak yon kapasite dakèy 700 moun anviwon. Akote sa, ap genyen tou konstriksyon yon chapèl pou ti sèvis piti yo.

Pa gen dout ke Bondye pa sispan fè yon pakèt bèl bagay ekstrawòdinè pou Pawas Sent Inosan; sepandan tout bèl akonplisman sa yo: pwogrè akademik, developman sosyàl e spirityèl kongregasyon an, pwojè konstwiksyon pou yon lòt legliz, yo pat kapab posib si se pat detèminasyon fidèl yo atravè yon seri gwo sakrifis e ak yon leadership byen ekilibwe ki kontinye fè onè tout yon popilasyon. Ke Bondye kontinye elaji tèritwa Pawas Sent Inosan, ki se youn pami kèk enstitisyon relijyez ou edikatif ki fè fyète vil Pòdpè!

Leave A Reply