Lapolis mete anba kòd 4 sispèk trafikè dwòg

0 402

Pòdpè__(TRiboLAND) Eugène Ronald, Petit-Jean Robert, Emmanuel Lorvens ak Emmanuel Jameson se non 4 trafikè dwòg sispèk ke ajan PNH yo nan Depatman Nòdwès la entèpele yè Vandredi 27 Desanm 2019 la nan Ri Du Quai nan vil Pòdpè.

Operasyon marasa sa ki fèt  gras ak konplisite Gàdkòt ak Brigade de Lutte Contre le Trafic de Stupéfiants (BLTS) pèmèt otorite yo pèkizisyone 2 rezidans kote ke yo jwenn 10.05g marigwana, 30 biyè sensan goud, 67 biyè an vensenk goud, 77 biyè an ven goud, 36 biyè an san goud, 10 biyè an mil gouda k divès lòt mounen.

Oprasyon sa ki te manniganse vè zònn twazè nan apwè midi te benefisye pwezans Jij Titulè Tribinal Depè Pwemye Enstans Pòdpè a ki se Mèt Paul Blanc, ki tou swit apwè te drese yon pwosè vèbal aktivite bòz la.

Nan moman sa, sispèk yo toujou anba kontwòl otorite polisyè Nòdwès yo pou swit nesesè.

Leave A Reply