Yon group moun mete Meri Pò Salu a tèt anba e fèmen l akoz nominasyon majistra manda fini an, Wilson Dénard

339

Pò Salu____(TRiboLAND) Depi plizyè jou, menm jan sa kontinye ap fèt nan plizyè komenn atravè peyi a, you group moun pa sispann proteste kòm ansyen majistra Komenn Pò Salu a, Wilson Dénard ki jwenn benediksyon Jovenel Moise pou dirije munisipalite a yon lòt fwa ankò.

Konsa, swa dizan katèl sa ki pa remèt anyen kòm pèfòmans, pa jwen gras nan je popilasyon an. Pou esprime mekontantman yo de move chwa prezidan Jovenel la, yo anvayi jodia mèkredi 15 jwiyè a Meri Pò Salu a. Yo antre pote boure e sakaje (chèz, biwo, e latriye) anba je lapolis, ansanm materyèl espas munisipal la e fèmen tout pòt jiska nouvèl lòd.

Dispozitif popilè sa arive fèt bò kote jènn yo ki estime ke majistra a pa gen plas li nan komenn Pò Salu. Li se yon ganste! Yon vòlè! Yo reproche’l tou dèske li te fè apèl a responsab fòs lòd ak Lajistis yo vinn pou pouswiv plizyè group jènn nan komenn nan ki ta’p fè pase revandikasyon yo.

Kontrèman nan kèk lòt komenn, popilasyon an nan Pò Salu pa’t chwazi mete dife nan munisipal la ki rele yo chè mèt chè mètrès.

Comments are closed.