Minis Spò ayisyen deklare: nou pa menm genyen yon teren, nèg yo kraze lajan an!

898

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon konferans ke li te bay jedi ki te 9 jwiyè 2020, Minis Spò ayisyen an ki se Max Attys deklare ke “nou pa menm genyen yon teren ki gen nen nan figi l nan peyi Dayiti, nèg yo kraze lajan an”. Deklarasyon sa yo fèt aprè ke ministè a estime ke li pa jwenn absoluman anyen kòm enfrastrikti spòtif.

Mesye Attys rapouswib pou li di an kalite responsab, li dwe gen kouraj pou li denonse sa e li panse ke aksyon piblik pral an branl kont konpayi dominiken SECOSA e konpayi ayisyen Rofi et Adom ki te kontrakte pou konstriksyon sant spòtif sa yo nan tout kwen nan peyi a.

Minis la enumere yon pakèt deriv ki inasèptab tankou 2 teren spòtif ke konpayi dominiken SECOSA konstwi nan Sidès peyi a se yon prèv ki montre ke biznis sa yo pa gen anyen pou wè avèk konstriksyon pak spòtif. Se menm kad figi a tou pou Grandans kote ke konstriktè yo enkòpore latrenn nan tan sa pou konstriksyon sant spòtif modènn.

Pòdpè, nan Nòdwès lajan debloke pou konpayi yo, “nad mari nad”, plizyè nan sant sa yo pat menm kòmanse pou pa di fini. Lajan jete egalman nan Mibalè, nan Milo nan depatman Nòdès la. Nan Okay, Sid peyi a, se yon veritab skandal ak gabji de plizyè sant spòtif ki te enplike pitit gason prezidan Martelly, Olivier Martelly. San bliye, depatman Nip peyi a kote ke FIFA te finanse yon enfrastrikti spòtif pou 50,000 dola ameriken ki pa men vo absoluman anyen aprè evalyasyon.

Pou Minis Attys, Leta ayisyen depanse yon latriye santènn milyon dola pou konstriksyon enfrastrikti spòtif atravè peyi a, alòske nou pa menm genyen yon teren spòtif! Konsa, pou minis la, konpayi SECOSA ak tout Rofi et Adom pat janm genyen oken ekspètism nan sa yo tap fè a! Pa gen youn nan teren yo ki bon, nèg yo kraze lajan an!

Comments are closed.