Jij Durin Duret Junior arive jwen nominasyon li kòm reprezantan Kou Dapèl nan DCPJ

280

04/13/2021

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Avèk 42 vwa favorab kont 4 vwa defavorab nan eleksyon ki fèt jodi madi 13 2021 an, Jij Durin Duret arive jwen nominasyon li pou reprezante Kou Dapèl nan Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciare (CSPJ) a.

Duret te genyen yon lòt kòlèg ki te anfas li ki rele Jean Pérès Paul ki pat arive asiste tiraj, men ki te non sèlman rekonèt defèt li, men ki pwomèt pou kanpe ak nouvo manm CSPJ a si sa nesesè.

Jij Duret pwomèt pou li travay danble sou sètifikasyon majistra yo ak respè ke yo merite.

Comments are closed.