Residans pwive Avoka Reynold Georges atake pou pi piti 3 moun blese

364

Pòtopwens___(TRiboLAND) Rezidans pwive Avoka Reynold Georges, ki se younn pami avoka ki defann yon pakèt gwo ka lwijanboje nan peyi Dayiti, subi atak anba men nèg ame nan mitan jounen Madi 10 Desanm nan. Dapwè deklarasyon Mèt Georges, gadyen ak sèvant rezidans lan blese anba bal.

Sepandan, kontrèman ak kèk rimè, pitit fi li ki te nan kay la nan moman an pa blese ak bal, dapwè revelasyon konseye Jovenel Moise la ki apènn soti plede pou fasilite yon desizyon lajistis ki blanchi tankou lanèj Senatè Louis Onondieu ki te gen gwo dosye kòripsyon sakèt Leta plane sou tèt li ak plizyè lòt akolit li.

Konsa, Mèt Georges ki konfime ke atak la te manniganse anba lobedyans kàt nèg ame; e viktim yo te transpòte rapido pwesto nan yon lopital pou swen ijans, dapwè deklarasyon avoka byen koni an.

Comments are closed.