Nan chita tande ant repiblik Dayiti ak repiblik Dominikèn, otorite ayisyèn yo kanpe an “dan di”

929

11-07-2023

Nan yon chita bat bouch ki te fèt ant otorite ayisyèn yo ak dominikèn yo, jounen lendi 6 novanm 2023 a alkay vwazen an, ta sanble “Ti Mari pa moute, Ti Mari pa desann”, se mò rèd!

TRiboLAND aprann, pa genyen oken antant ki arive fèt bò kote 2 peyi yo. Okontrè, otorite ayisyènn yo ta plis kanpe an dan di; kote ke yo egzije Repiblik Dominikèn pou li rale back sou tout dispozitif restriktif ke li te pran yo inilateralman. Konsa, baryè lizyè peyi Dayiti a, apenn kòmanse fèmen.

Antouka, fas ak diskisyon pou deplwòtonnen kriz sila, anpil moun estime pozisyon “dan di” Ayiti a, se ideyal, e li makonnen ak revèy ranmase eskanp figi ak dinyite pèp ayisyen ap chèche a.

Comments are closed.