Yon atlèt byen koni mouri nan yon aksidan moto nan Pòdpè

434

Pòdpè___(TRiboLAND) Yon atlèt byen koni mouri yèswa nan yon tèrib aksidan moto sou pon Twa Rivyè-a nan Pòdpè.

Fredno Michel ki te konn ap jwe milye teren pou Athletic FC (Ekip Raymond an) nan Chanpyona Nasyonal  dezyèm divizyon an, jwenn lanmò li nan yon tèrib aksidan moto siklèt sou pon Twa Rivyè yèswae.

Fredno ki se ti frè Pwofesè Fedenel Michel, mouri soup las kòm chofè moto a e kondisyon pasajè kit e dèyè veyikil la alagoni sou kabann lopital dapwè enfòmasyon ki rive nan chanm redaksyon TRiboLAND nan Pòdpè.

Depa pwesipite Foutbolè maton Fredno, se yon gwo fòs kote pou seleksyon Athletic FC a ansanm ak tout lòt fanatik kit e kwè nan teknisyen mitan teren balon won an. Nou swete kondòleyans a fanmiy ki fwape jis nan zo ak lanmò sa.

Comments are closed.