Lapopo fouke bandi sangwen rechèche Yvon Guerrier nan Pòtapiman

1,140

Okay, Ayiti______(TRiboLAND) Nan yon gro operasyon tranble janm lapolis efektye ansanm ak pakè Okay la, maten lendi 29 me 2023 a nan Pòtapiman, depatman Sid peyi a, Yvon Guerrier ke yo tap chèche tankou chyen fou, jwen arestasyon li.

Guerrier ki te genyen antènn sou li byen lontan, tonbe anba men lapopo. Konsa, malfektè a te deja genyen yon latriye akizasyon ki te tonbe sou li tankou: vòl men ame, asosyasyon malfektè asasina ak plizyè lòt enfwaksyon, daprè komisè gouvènman Okay la, ki tap depoze.

Yvon Guerrier ke lapopo tap chèche tankou foumi fou, ta responsab asasina ansyen majistra Koto a, Dieuseul Dieurmail nan lane 2022 a.

Comments are closed.