Yon avyon militè peyi Chili disparèt avèk 38 moun

417

Sanntyago___(TRiboLAND) Lame de Lè peyi Chili annonsé lundi 9 Desanm nan ke yo pèdi «kontak» ak yon avyon militè C130 – Hercules ki te genyen abò li 38 moun, ki te dekole depi zònn Punta Arenas (zònn solèy kouche) pou destinasyon baz militè nan Antatik la.

Moun sa yo ki disparèt la te fè pati yon ekipaj 17 ak 21 pasajè. Yo ta vwayaje pou delivwe sipò lojistik nan yon baz militè sou zile King George Antatik la. Yon misyon rechèch-ak-sekou deja sou wout.

Jeneral Ame de Lè, Eduardo Mosqueira deklare bay medya lokal yo ke avyon an pa te aktive okenn siyal detrès. Li di tou avyon an ki dote ak yon pilòt ki te gen anpil eksperyans, petèt te oblije fòse tonbe nan dlo.

Comments are closed.