6 lòt otaj kidnape relijye katolik yo jwen liberasyon yo

564

04/30/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yon sous ke moun ka fè konfyans e ki soti anba zèsèl Legliz Katolik konfime liberasyon 6 lòt relijye ke gwoup gang “400 Mawozo” te kidnape ki genyen pwèske 3 semèn Kwa Dèboukè.

Sepandan, nan yon lèt piblik ke li fè sòti jodi vandredi 30 avwil 2021 an, Wo Yerachi Sosyte Pwèt Sen Jak, rejyon Ayiti, remèsi toudabò Pè Letènèl avèk gwo kout “Beniswà Letènèl” e voye yon lòt chay remèsiman pou tout lòt konkregasyon ki te pote kole nan kad supò pou liberasyon otaj yo.

Responsab yo te voye yon djakout remèsiman bò kote gouvènman defakto a, yo di ki te anpil bwàs nan demach yo; e san bliye anbasad amerikèn avèk Lafwans pou apwòch diplomatik yo ki te fèt an silans e trè efikas.

Enel Richard

Comments are closed.