Lapopo fouke 8 prezime bandi nan Monwi

1,124

01-08-2022

Monwi, Ayiti_____(TRiboLAND) Rejyon Jalouzi ak Vandum ki jewolokalize nan komin Monwi, te sekwe ak gro van panik anba yon operasyon lapolis ki te konpoze ak ajan UDMO nan Gonaiv ak Senmak yè vandredi 6 janvye 2023 a.

Swit ak operasyon jarèt tranble PNH la, genyen 8 prezime bandi ki arive anba kòd. Endividi sa yo ki fè pati 2 group gang ki toujou ap boukante kout zam, arive fouke nan moman yo te nan gro afwontman, daprè sa ki soti nan bouch komisè polis, Mathias Jean-David nan jiridiksyon Senmak la.

Se konsa, bandi yo fouke yo, ki abitye ap teworize Monwi, te transfere nan pakè Tribinal Premye Enstans Senmak la, aprè envestigasyon ou entèwogasyon.

Comments are closed.