Operasyon lapolis nan Savyen : plizyè bandi tonbe e yon ajan PNH arive blese

1,481

08-21-2022

Savyen, Ti Rivyè______(TRiboLAND) Swit ak yon operasyon Inite depatmantal fòs lòd yo (UDMO) mennen samdi 20 dawou 2022 a nan baz group gang “Gran Grif” nan Savyen nan Ti Rivyè Latibonit, plizyè bandi tonbe, yon ajan PNH arive blese san konte liberasyon plizyè otaj.

Detèminasyon fòs lòd yo pou rele koukouwouj dèyè bandi kap taye banda nan depatman Latibonit lan, pa sispan jistifye atravè yon seri dispozitif ki vize atake e menm antre nan perimèt kontrole gang sangwen yo.

Nan operasyon Savyen an, polisye nan Ti Rivyè Latibonit yo te arive kraze plizyè kay manm gang ke Lukson Élan ap dirije a. Tout efò konsète yo te jwen bourad polisye ki te soti nan Sen Mak yon fason pou te arive flite manje ranje yo ki yon veritab defi majè pou rejyon an.

Antouka, fòs lòt yo ap miltipliye atak, e yo pa soti pou lache menm pou yon segonn operasyon tranble janm yo kont malfwa atravè peyi a, patikilyèman nan Latibonit.

Comments are closed.