Jovenel Moise deklare “lanmò Grégory a pap pase menm jan ak bèf Seid la”
10\09\20
Pòtoprens____(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise eksprime kè sere li fas ak sitiyasyon sekirite peyi ki pa sispan deteryore nan dènye jou sa yo. Nan entèvansyon li fè jodi vandredi 9 oktòb 2020, Jovenel denonse zak vyolans yo patikilyèman asasinay ki fèt sou etidyan, yon kàd ENS, Grégory Saint-Hilaire ke yon goril USGPN krible lachman anba bal semèn pase a.
Tout fwa, chèf leta mande pou koupab ki komèt yon parèy krim jwen sa li merite pou zak malonnèt sa ki mete tout yon fanmiy ak zanmi etidyan andèy. “Li pa posib pou enpinite ap taye banda anndan peyi a. Li lè li tan pou aktè konsène yo tankou Lajistis, Lapolis, ak tout moun latriye jwe patisyon pa yo; e tout moun dwe mete men yon fason pou lumyè fèt sou krim sa”, daprè Jovenel Moise ki tap ensiste. Paralèlman, daprè etidyan protestatè yo, se yon ajan sekirite ki nan fyèf prezidan an menm ki komèt krim nan.
Yon lòt bò chèf leta eksprime egalman santiman li bò kote etidyan yo ki gen plizyè jou depi ke yap sekwe kapital anba gro frap manifestasyon kraze bwile machin ak ak nenpòt ki byen leta ki pase anba men yo. Chèf leta ki te deja voye yon mesaj senpati bay fanmiy Grégory, deklare ke li konpran foustrasyon yo; men li preferab ke yo pran rout dyalòg.
Nap raple ou, jèn etidyan kap pran lari pou mande jistis ak pou bat tenèb dèyè chèf leta a, pa sispan montre endinyasyon yo ak detèminasyon yo pou afronte polisye san rekile devan zam. Yon sitiyasyon rezinyasyon ke moun pat wè avan.
Comments are closed.