Ayiti: 2 Depite sakaje e tòchonnen Palman an maten an

0 412

Pòtopwens__(TRiboLAND) Gwo deblosaj nan Chanm Depite-a maten 3 Septanm lan menm avan seyans ratifikasyon nouvo gouvènman Frizt William Michel la.

Deblosaj sa mete an vedèt Jean Bossé (OPL) ak Manès Louis (Fanmiy Lavalas) ki sakaje e redwi an tòchon pwèske tout sa ki ta egziste anndan espas la. Lwil motè badichonnen tout kapèt ak biwo ki pwès ke pa rete ankò. Avan sa sete Sena e fwa sa se tou Depite yo ki lage koukouwouj dèyè gouvènman anplas la.

Yon sitiyasyon ki yon lòt fwa ankò montre ke Ayiti pa gen lidè e peyi-a kontinye plonje tout moun nan labou santi devan sye rès monn nan.

Leave A Reply