Lachenn: wyit ekolye mouri ak kout kouto nan premye jou antre lekòl la

0 304

Lachenn Santral__(TRiboLAND) Yon mesye touye wyit ekolye avèk yon zam blanch e blese de lòt jodi Madi 3 Septanm nan, nan premye jou antre lekòl la nan Sant Lachenn. Dram sa pase nan zònn Chaoyangpo yon lokalite ki asosye avèk vil Enshi nan pwovens Hubei.

Sispèk la ki se yon selibatè 40 lane ki natif natal vilaj la te entèpele e plase nan gadavu pou odisyon zak malonnèt la ak motif ki poko detèmine.

Dapwè yon jounal nan Guangzhou atravè AP, sispèk la ta sanble tè fè pwizon deja. Li te libere nan mwa Jwen 2019 la apwè li te finn purje pènn li pou tantativ lanmò.

Atake moun ak kouto trè kouran nan peyi Lachenn. Pote zam se yon bagay ki trè kontwole; sepandan sèten kriminèl itilize kouto kòm mèyè zam pou vanje oubyen pou asasine moun. Nan mwa Avwil 2018, yon jènn gason touye ak kout kouto 9 etidyan kolèj nan pwovens Shaanxi, nan Nò peyi-a. Alòske nan mwa Janvye 2017, yon lòt dram ankò te anrejistre nan yon lekòl matènèl nan rejyon Guangxi kote ke yon jènn mesye ponyade ak kouto kwizenn apepwè 11 ti lèzanj inosan.

Leave A Reply