RD:Ajans Govènmantal yo ap batay seryezman ak maladi deng lan ki deja lakoz 10 mò ak 7,324 ka

0 396

 Sen Domeng__TRiboLAND) Yon latriye ajans gouvènmantal patisipe pou weekend nan yon oumble nan kad “Jounen Leve Kanpe Kont maladi ki rele Deng” lan kap bay anpil lawouli nan Repiblik Dominikènn.

Aktivite mobilizasyon sa yo te pwan chè nan tout bout kwen pwovensyàl peyi-a yon fason pou mete kontwòl sou maladi-a e pwevni plis baliz ki ka anpeche-l pwan jarèt sitou avèk dènye rapò laperèz yo ki konfime apepwè 10 moun ki mouri ak 7, 324 ka yo anrejistre.

Staj ou seyans travay yo ki te kòmanse ayè Samdi-a te reyisi nan tout pwovens yo; e yo te klotire ayè Dimanch lan. Pami kolaboratè ak patisipan, ou te jwenn: Sèvis Sante Nasyonal (SNS), Ministè Edikasyon, Travo Piblik, Polis Nasyonal la ak Plan Asistans Sosyàl, pou nou site sa yo sèlman.

Leave A Reply