Jamaik: Yon plantè pwal pase anpil lane nan pwizon nan bay manti sou lanmò-l yon fason pou kolekte 17 milyon dola vèt

0 292

03-07-2019 / Triboland.com

Selon yon jounal Jamaik (Jamaica observer) Yon plantè nan yon zònn ki rele Clarendon ta fè konpwann ke li mouri yon manyè pou li te ka touche apepwè 17 milyon dola vèt pou yon asirans de vi. Mèt dam nan konte pwan santans li nan yon tribinal St Andrew Parish jodi-a.

Antouka, Mr. Kim Wayne Phillips ki gen apepwè 45 rekòt kafe, te declare koupab nan fè kòt maltaye, fwod ak mèt dam e anplis tantativ pou fè lajan sou do asirans konpayi-a nan mwa Fevwiye 2015, te jwenn chaj li mwa dènye.

Selon rapò otorite yo, Phillips te nan reselè ak madanm li ki se yon Anglèz e yon lòt mesye kite fè kòtmaltaye pou fè yon magogo lajan sou zo bwa tèt yon asirans konpayi ki rele Guardian life Insurance Company.

Fo sètifika desè Phillips la revele ke li te mouri nan lopital Jeneral Kingston alaswit de yon myokadyal enfaksyon ak nemoni. Sepandan, ankèt konpayi asirans vi-a revele ke Phillips pap mouri vre e li pat jamè admi kòm malad nan lopital Jeneral Kingston, kapital Jamaik.

Finalman nan konvèsasyon text mesaj avèk madanm li, yo arive poze lapat sou Phillips andan lakay li nan Clarendon kote otorite yo te sezi plizyè dokuman ak telefònn pòtab li ki gen mesaj ak text konsènan ka-a.

Leave A Reply