Liberasyon Dr. Jery Bitard ki te kidnape yè maten nan Pèlerin

0 445

Pòtopwens____(TRiboLAND) Selon yon sous kredib TRiboLAND an mezi pou konfime liberasyon Dr. Jery Bitard ki te kidnape yè Vandredi 27 Mas 2020 byen bonè nan maten nan Pèlerin tou pwè lakay li.

Yon zak kidnapping ki susite anpil andinyasyon atravè peyi a e ki te an menm tan fòse responsab lopital Mevs yo fèmen sant sante a jiskas ke Dr Jery Bitard jwenn liberasyon l.

Selon yon Flash Scoop FM 107.7 yèswa apwè diskou Pwezidan Jovenel Moise la, teknisyen Digicel yo te resevwa sinyàl telefònn Dr. Bitard ki te a 15 mèt de rezidans Pwemye Minis lan toupwè Delmas 60. Flash Scoop FM 107.7 la te fè eta egalman de yon numewo 509 4898 6677 ki tap reklame yon ranson $ 2,5 milyon dola US kòm kondisyon pou liberasyon Dr. Bitard.

Dènye enfòmasyon yo pou jodi Samdi 28 Mas 2020 an, fè eta liberasyon doktè lopital Mevs la ki ta sanble fèt san ranson e san kondisyon selon yon sous pwòch administrasyon lopital la.

Leave A Reply