Obè, 3e Seksyon Kominal Pòdepè: Yon popilasyon abandone e livre pou kont li.

0 285

Pwoblèm sante, edikasyon, grangou, sechrès, lavi chè , se sa kap fè pale de li nan Seksyon sa-a. Tout pyebwa nan zònn  sa-a disparèt pou fè chabon akòz peyizan yo ki pa kapab jwenn kichóy pou yo sa bay pitit yo manje. Fas a kondisyon sa, yon ti manmit diri ap vann 50 goud. Pa gen kób pou peyizan yo achte-l tèlman lajan kouri byen lwen yo. Revelation ASEK zònn nan, Jean Hérold ki deklare e nap site: Sou plan sante, pa gen yo sant sante nan seksyon menm pou fè remèd pou nou pa pale laswenyay. Lè yon moun malad nan seksyon an, se Lopital  Imakile  Konsepsyon ki nan vil Pódepé pou-l al pran swen kote gen nan yo ki konn mouri anvan yo rive akoz eta wout yo.

Sou plan Edikasyon: ASÈK la plede anfavè yon lekòl pwofesyonèl yon fason pou anpeche jènn yo jwe domino ak pyafe nan pwogram ti sourit ak atè plat ki yon kansè pou jenès-la. Anplis, nesesite pou yon lekòl llse nan zòn nan ta va yon benediksyon ki ka pèmèt majorite timoun ki kanpe lekòl depi 9e ane fondamantal yo kontinye edikasyon yo. Konsa tou, sa te kapab mete fen sou vye wout traka ak mizèrere elèv ki toujou al jous Pódepé dèyè pen lenstriksyon. ASÈK  Jean Hérold rete kwè, si  gen  yon lise nan seksyon an, sa ta soulaje manman ak papa pitit  nan  zónn  nan kap ap pile dlo pou fè bè e ki pa gen gwo mwayen ekonomik pou voye timoun yo nan lekól prive.

ASEK Jean Herold, 3em Seksyon Komunal Pòdepè

Devan tout pwoblèm sa yo,  popilasyon 3e nan ap fè fas jounen jodi-a, ASÈK zònn nan, Jean Hérold adrese-l dirèkteman  ak  prezidan  Repiblik lan, Msye Jovenel  Moïse, ki  toujou di li konn reyalite  zònn  nan puiske  se la li tap viv e se la tou li  toujou gen biznis li. Ki donk, ASEK la mande chèf Deta-a pou-l voye je sou moun 3e seksyon kominal vil Pòdpè, lokalite Obè, ki pa gen ni rele ni reponn. 

Wiskis Saint Jean, TRIBOLAND

Leave A Reply