Lapolis vide atè 2 vòlè sou motosiklèt ki tap ransone nan zòn Delma 75

240

11\25\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon patrouy lapolis ki pa manje anyen ki frèt arive vide atè 2 vòlè ki tap ransone moun byen bonè maten mèkredi 25 novanm 2020 an nan zòn mache Puits Blain nan Fragnovil, Delma 75.

Vòlè yo ki tap opera sou moto ak zam nan men, te rankontre bab pou bab ak yon patrouy polis ki pat gen chwa si non ke mete do yo atè. Kidonk, aparèy jidisyè pat pran tan pou fè konsta legal kadav yo ki pat genyen oken idantifikasyon sou yo.

Antouka, anpil eskanmòtè ap fè fas nan jou sa yo ak yon pakèt patrouy lapolis nan nannan kapital la.

Comments are closed.