Cardi B fache e deside pa retounen an Repiblik Dominikènn akoz gwo atak li pa sispann resevwa

396

Sen Domeng___(TRiboLAND) Anpil peyi ki itilize rasism pou denikre peyi nwa kontinye ap viv nan iluzyon malgre sinyal mouvman “Lavi Nwa Konte” a kap sekwe tout planèt la espesyalman peyi Etazini.

Deba sou rasism vinn alafwa trè mouvmante e sansib. Se ka Cardi B, yon rapè amerikènn-dominikènn ki tèlman fache nan yon pwen, li deside pou li pa jamè pale de peyi Repiblik Dominikènn ni retounen ladan l ankò.” Mwen toujou santi ke mwen repwezante Repiblik Dominikènn paske mwen renmen pèp dominiken an. Mwen fyè mwen se dominiken,” dapwè Cardi B ki tap kòmante ak yon vwa tris.

Mwen konnen istwa mwen e mwen pat kapab jamè swete fè yon sèl ak yon peyi kite okipe Hispanyola paske mwen konnen istwa mwen, sepandan mwen te tou senpleman pwezante foto a kòm yon senbòl pou Lapè.

Chantez la pran desizyon sa apwè li te resevwa yon vag atak de yon seri kritik akoz Cardi B te pibliye yon foto ki montre drapo Repiblik Ayisyen ak Dominiken atache ansanm pandan yon demonstrasyon nan peyi Etazini avèk yon slogan ki di: “Inite se sa mwen repwezante e se sa mwen ye.” Alò, depi selebwite a finn montre bagay sa, li pa sispann resevwa menas ak kritik tout kalite bò kote dominiken yo ki akize l ke li sujere pou 2 peyi yo fè yon sèl.

Alò, fas ak volim atak sa yo, rapè a oblije repran wout lapwès pou klarifye tèt li, men deside pou li pa jamè pale de Repiblik Dominikènn ni retounen ladan l ankò yon fason pou anpeche moun defòme sa lap di yon fason pou fè landjèz, dapwè Cardi B.

Tout bagay sa yo se rezilta vag pwotestasyon kap fèt atravè Etazini akoz George Floyd, yon afwo-ameriken ki mouri anba jenou polis Mineyapolis 25 mas dènye.

Comments are closed.