Moun nan popilasyon Raboto, nan Gonayiv anonse yon manifestasyon pou egzije enstalasyon ansyen senatè eli kondane a, Guy Philippe nan tèt peyi a.

860

03 – 17 – 2024

Gonayiv, Ayiti ___(TRiboLAND) Abitan nan vil Gonayiv, site Lendepandans Dayiti, zòn Raboto, anonse yon mouvman leve kanpe pou lendi 18 mas 2024 la, nan lide pou egzije enstalasyon Konsèy Prezidansyèl ki genyen ansyen senatè eli kondane a, Guy Philippe, selon pòt pati politik AAA, Fritz Désir ak Genoble Antoine ki anonse nouvèl la.

Militan politik yo, nan AAA, bay 72 zèdtan pou Guy Philippe enstale kòm prezidan pou dirije peyi Dayiti.

Responsab politik yo, deklare yo pa nan pale anpil, yo pa nan chita pale ak Karikòm ni kò gwoup, moun yo di yo vle a, se Guy Philippe li rele; yo kwè se Guy ki kapab gade blan nan je pou fè Ayiti reprann souverènte nasyonal li.

Comments are closed.