Ayiti: Yon lòt aktivite latè tranble

0 325

PÒTOPWENS__(TRiboLAND)  Apwè aktivite late tranble nan Benè, Ayiti sibi yon lòt fwap sismik ankò ayè avèk yon magnitid 3.3 sou lechèl Richter-a. Sekous gwoudou gwoudou-a te manifeste ayè Madi-a vè 11:32:04 nan maten nan zònn Sidwès a 18 kilomèt vil Gran Gwav ki plase a 33 km nan Sidès Pòtopwens avèk yon episant idantifye 18.386°N, 72.605°W anbafon 23.1 km.

Repiblik Dominikènn resevwa plis pase 7 fwap aktivite latè tranble avèk yon magnitid 2.6 ale jiska 3.7 sou lechèl Richter-a espesyalman nan zònn Samana,(Nòdès) ki semènn pase sitwayen  kominote sa te mobilize nan yon kanpay plante mangwov nan kad pou pwoteje zònn kotyè yo e anbeli eskanp figi lakay yo.

Konsa, otorite Direksyon Sivil nan tou de peyi yo pa anrejistre oken dega materyèl ak destriksyon vi moun.

Leave A Reply