Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) nan okazyon fèt PNH lan, pat rete endiferan.

461
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Apa aktivite otorite polis yo nan Jeremi pou te make trantyèm ane depi enstitisyon polis ekziste, Fondasyon Ayisyènn Sante (HHF) pat rete endiferan. Fondasyon sila, ki se yon òganizasyon non gouvènmantal ki genyen plis pase 30 lane sou teren an, espesyalizze nan bay sèvis nan nivo: sante, elvaj, edikasyon, lojman sosyo, pou’ n site sa yo sèlman. Konsa, HHF te pwofite anivèsè Polis Nasyonal lan, pou òganize yon sware gala, e remèt onz plak donè bay plizyè polisye, polisyè ki se modèl nan enstitisyon, an.

Daprè yonn nan manm konsèy kap administre HHF, Mesye Poudèl Chancy , enstitisyon imanitè sila, ki se Fondasyon Ayisyènn Sante, ki genyen plis pase trant lane ap travay nan ede sila yo ki pi fèb nan sosyete Grandanslèz lan, deside fè jès saa ak polisye diferan inite (PNH) lan. Yon parèy jès, klèman montre nan ki pwen HHF valorize travay enstitisyon an, sitou nan yon moman ensekirite jeneralize.

Diferan kad nan enstitisyon an ki benefisye plak donè yo,, soti nan sèvis BPM, SDJ, UDMO, ak GA Polisye ki fe pati sèvis pèsonèl la, e direktè depatmantal lan, komisè divizyonè Frantz Saint Armand. Seremoni remiz lan te òganize nan lokal Bèl Kwen an; yon gro sòlòkòtò ki pase san okenn ensidan majè, nan moman Galaxy- Ben Jeremi, te anime sware avèk anpil mizik.

Share:

Leave a reply